BAZ001: Manmi Soso Ap Detaye n Koman Pou w Deal Avek Haters - a podcast by Sarah

from 2020-05-01T23:16:11

:: ::

Eske ou gen moun ki rayi w? koman w fè konen? eske dèfwa se pa paranoya ki fè nou panse nou chaje Haters? Kòman pou w deal avèk yo lè yo reyèl?


Nan premye epizòd Baz nou resevwa Manmi Soso ki se yon jèn fanm ki renmen fè bizniz , li aprann relasyon piblik e li renmen meble lespri l nan li epi swiv kou an liy. Manmi Soso gen yon filozofi vag lè sa gen rapò a sa lòt moun panse de li. li pa bay sa regle anyen pou li li viv lavil jan l swete l la.


Li viv anpil sitiyasyon kote yap fè move komantè anba post facebook ak instagram li oubyen kote bon zanmi l ap pale l mal, sitou li deja gen yon kompòtman agasan. 


Li pataje nan eksperyans sa yo avè nou e li koman li fè deal avè yo.

Further episodes of Baz

Further podcasts by Sarah

Website of Sarah