Si-Menaj-Ou-Oubyen-Moun-Ou-Marye-Avel-La-Tronpe w-Eske-Ou-Prefere li-Avwe w-Sa-Ou-Non? - a podcast by Sarah

from 2020-05-16T00:45:33

:: ::

Youn nan pi gro faktè ki konn kraze relasyon, oswa maryaj se twonpri, Meye bagay la sèke tou de moun yo ta dwe rete fidèl youn anvè lòt , men an onèt ak tèt nou, eka sa ka rive tout moun . E menm si ka gen sikonstans ki lakòz li toujou rete yon desizyon ke youn nan moun yo pran nan tout konesans konsekans sa ka pote. Si malè sa ta rive w ou nan koup ak yon moun oubyen ou marye avè l epi li ta ap twonpe w eske nou prefere li di nou sa oubyen nou pito rete nan enkoni an. Nan epizod sa a nou te gen avek nou Anthony avec Myrlène ki tap debat avèk mwen nan baz sou kesyon sa a. Yo tou de prefere rete nan enkoni an paske verite a pral brize relasyon an e yo pap janm ka gen konfyans nan moun sa a menm jan an anko. Kèk moun nou te rele nan telefon tankou Jessicka ak Irma panse menm bagay la tou . Pakont 2 lot moun nou te rele yo : Gilles ak Laurent prefere konn verite a , yo prefere moun nan sinsè avèk yo. 


Yon bèl konvèsasyon sou yon kesyon ki gen anpil kontwovès.

Further episodes of Baz

Further podcasts by Sarah

Website of Sarah